YON PEYI - YON DRAPO
Sa fè lontan nou pa selebre Fèt Drapo a nan vil Okay jan li dwe fèt, ak tout valè, fyète, ak respè drapo nou an merite. Ane sa a, drapo nou ap fè 223 ane, epi nou vle make moman istorik sa a avèk yon gran selebrasyon nan vil la.
Nou gen pwojè pou òganize yon bèl show fedatifis sou Waf Okay la, kap dire plis pase 6 minit.
Se yon okazyon espesyal pou tout pitit peyi a, zanmi Ayiti, ak tout moun ki renmen kilti nou vin mete men ansanm pou n fè bèl jounen sa a tounen yon gwo siksè.
Achte yon fedatifis epi voye li nan adrès nou
Bay kòb pri fedatifis la pou nou ka achte li dirèkteman
Patisipe kòm donatè oswa patnè pou ede nou fè evènman an pi bèl toujou
KLIKE SOU SAW VLE ITILIZE A
SIW SONW ANTREPRIZ KI VLE SIPOTE NOU, OU KA EDE NOU AK PACKAGE SA YO: