YON PEYI - YON DRAPO
Sa fè lontan nou pa selebre Fèt Drapo a nan vil Okay jan li dwe fèt, ak tout valè, fyète, ak respè drapo nou an merite. Ane sa a, drapo nou ap fè 223 ane, epi nou vle make moman istorik sa a avèk yon gran selebrasyon nan vil la.
Nou gen pwojè pou SIPOTE yon bèl parad ke LAMERI ap fe nan vil Okay, e nou vle finil avèk yon show fedatifis sou Waf Okay la, kap dire plis pase 6 minit.
Se yon okazyon espesyal pou tout pitit peyi a, zanmi Ayiti, ak tout moun ki renmen kilti nou vin mete men ansanm pou n fè bèl jounen sa a tounen yon gwo siksè.