AN NOU LIMEN KWA KAT CHEMEN AN, ANSANM!
Nan kad fèt fen ane 2025 yo, gwoup Lojistik Plus vle pote kontribisyon nan anbeli vil Okay atravè yon inisyativ sitwayèn ak fètif. Moniman Kwa Kat Chemen, ki chita nan antre vil la, se yon senbòl enpòtan ki resevwa vizitè ak abitan yo. Sit sa a ki gen anpil valè merite pou netwaye ak mete an valè pou l ka reflete yon imaj ki akeyan ak fètif pou vil la pandan peryòd Nwèl la.
Genest John
Kowòdonatè
MEN SA NOU REYALIZE DEJA
TELECHAJE NOUVO PWOJE A
Kwa Kat Chemen an se yon repè istorik ak kiltirèl enpòtan pou vil Okay.
Lè nou ofri yon espas pwòp ak dekore ak koulè Nwèl, inisyativ sa a :
• Pwojte yon bon imaj pozitif ak chalè pou vil la,
• Ranfòse fyète ak sans apatenans nan kè piti vil la kap viv toupatou.
• Atire atansyon vizitè ak touris pandan peryòd fèt la
Weetno Clerger
Vis Kowòdonatè